Prepare pou bese, kouvri epi kenbe ak Tranbman Tè Gwondman Vant. Nan swivi sou liv Van Elefan an, otè Heather Beal prezante yon lòt opòtinite aprantisaj ekselan pou tout laj, men fasil pou konprann tou. Timoun yo aprann kijan pou yo jere pwoblèm ki gen rapò ak tranbman tè nan yon fason ki pa fè pè ak abilite. Mesaj pozitif nan Tranbman Tè Gwondman Vant pèmèt timoun yo patisipe nan pwòp sekirite yo epi aprann nesesite pou prepare. Liv sa pral vin san dout yonn nan liv ki plis mande pa gran paran, paran, ak timoun yo.
- Howard Pierpont - Institute for Preparedness and Resilience
Tranbman Tè Gwondman Vant ki ekri pa Heather L. Beal se yon istwa edikatif ak enfòmatif ki eksplike timoun kijan pou yo jere pwoblèm nan fason kalm ak poze lè gen yon tranbman tè. Mwen renmen fason otè a eksplike tranbman tè a ak sa pou fè pou rete an sekirite pandan yon tranbman tè nan yon fason senp jèn lektè ka konprann. Timoun yo pral konnen kisa pou yo fè pou yo rete an sekirite pandan yon tranbman tè apre yo fin li liv sa. Ilistrasyon yo vivan epi yo f֞è konsèp yo trè klè pou jèn lektè yo. Kesyon ak aktivite ki nan fen liv la fè l' yon istwa enteresan pou sesyon enteraktiv nan klas ak bibliyotèk eskolè. Paran ak gran-paran ka li l' pou pitit ak pitit pitit yo tou lè yo lakay epi ede yo konprann tranbman tè ak sa pou yo fè lè gen seyis. Otè a fè syans ak aprantisaj enteresan atravè istwa sa, e ki yon bon fason pou ede timoun yo aprann sou tranbman tè!
- Mamta Madhavan for Readers' Favorite (5 Star Review)
Dezyèm tit nan yon seri ak siksè sou sekirite timoun, "Tranbman Tè Gwondman Vant" se yon manyèl timoun sou pwosedi sekirite pou egzèsis tranbman tè. Ekri pou timoun ki gen 4-8 an pa yon veteran militè ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan jesyon kriz ak planifikasyon operasyonèl, "Tranbman Tè Gwondman Vant" mete kanpe yon klas timoun pou ti elèv animal adorab tankou yon laboratwa pou anseye pwosedi sekirite estanda yo pratike lè gen tranbman tè. Ansanm ak yon klas ki plen elèv ki motive, Lily ak Niko Rabbit aprann kijan pou " bese, abrite w, ak kenbe fèm," lè yo te anndan kay pandan yon tranbman tè. Yo aprann lòt etap ki sekirize ki menm jan an tou si yo te deyò pandan yon tranbaman tè, oswa menm nan yon machin. Pwosedi yo anseye nan fason senp tankou " bese, abrite w, ak kenbe fèm," ak nan chante tou. "Si sal la kòmanse souke, sispann sa w'ap fè a epi bese. Kache nan sou sòl la; kenbe jiskaske ou an sekirite ankò." Ilistrasyon koulè vif ak ge montre elèv animal yo yo k'ap pratike mouvman Gwo Tranbman an ak pwosedi sekirite ak pwofesè yo, Madam Mandy. Pandan istwa a, ton ak apwòch yo kalm epi yo pa fè pè, sa ki ede timoun fè fas ak kesyon pè egzèsis ak pwosedi nan kad tranbaman tè. Nan finisman an "Lily ak Niko Rabbit pwopoze kesyon ak egzèsis aprantisaj, nan sa ki gen pou wè ak sekirite sou, www.train4safety.com/ready-tots/ pou enprime yon sètifika fòmasyon konpl֞è ak plis enfòmasyon referans sou sekirite nan kad tranbman tè. Kòm premye tit nan seri sa, "Van Elefan," "Tranbman Tè Gwondman Vant" adrese odyans lektè li a ki gen 4 a 8 an dirèkteman, avèk jantiyès, chalè ak byenveyans. W'ap jwenn lòt tit pou timoun de otè sa sou preparasyon nan kad katastwòf nan Train 4 Safety Press.
- The Midwest Book Review